作词 : Stephane Eveillard/Jimmy Cadet 作曲 : Jimmy Cadet Chak fwa m’gadew cheri Bonè anvayi kè’m Paske m’santi lanmou Kap debòde nan mwen Sa m’gen nan kè’m pou ou Pi plis ke mo damou Chak fwa mwen anbrase’w Mwen santi’m nan syèl Cheri,se ou ki konplete lavi mwen Lè ou nan bra’m Mwen pa mande pou mwen lage Se pou ou m’swaf Ou k’fè bonè lavi mwen Nan ou mwen jwenn Definisyon mo lanmou Mwen sèmante Ke mwen pap janm sispann renmen ou Kè’m ap toujou plen Lanmou pou ou Wi toupre’w Mwen vle viv rès lavi mwen San ou vi’m tankou yon move rèv Lè map panse ak bèl Moman n’pase ansanm Pi bèl ti mo damou Nou pataje ansanm Se nan ou sèl mwen jwenn Tout sa kè’m dezire Si se nan rèv mwen ye Mwen pa vle leve,eeeeee Cheri,se ou ki konplete lavi mwen Lè ou nan bra’m Mwen pa mande pou mwen lage Se pou ou m’swaf Ou k’fè bonè lavi mwen Nan ou mwen jwenn Definisyon mo lanmou Mwen sèmante Ke mwen pap janm sispann renmen ou Kè’m ap toujou plen Lanmou pou ou Wi toupre’w Mwen vle viv rès lavi mwen San ou vi’m tankou yon move rèv 编辑于2023/05/11更新